TIMATANT NAN WOUT
Manman! Ti matant nan wout!
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Depi avan bajou kase l pati
Li pran lari a la l chache lavi
Li pra l antre jis nan laprèmidi
Kite m nan kay la avèk senk chovi
Depi dezè d lapremidi je pwa kreve
Fifa gentan chache bwa pou dife sanble
Avèk espwa n ap ret tann
Ki lè manman n
Ap vini, sa l ap pote
Mèt se mayimoulen
Mèt son aleken
Kanmenm nou konnen
Tima p ap antre san yon pen
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Ti matant pa gen lajan men li gen bon jan
Li pa ka pote bonbon li toujou fon jan
Beng beng beng!
Mwen menm avèk yon frè m
Nou gen menm pwoblèm
Lè ti matant la kay la rich, nou pa blèm
Men li oblije al travay kanmenm
Pou pen kotidyen n
Beng beng beng!
Mwen menm ak ti Charles
Nou gen menm pwoblèm
Lè ti matant la kay la rich, nou pa blèm
Men li oblije al travay kanmenm
Sa son dilèm! Sa son dilèm! Manman!
Oh oh
Depi sole kouche
Oh oh
Se wout li n ap gade
Oh oh
N ap ret tann sa l pote
Oh oh
Gwo kou piti jan l ye
Oh oh
Nou toujou kontante n
Oh oh
Se konsa sa toujou ye vre!
Depi avan bajou kase l pati
Li pran lari a la l chache lavi
Li pra l antre jis nan laprèmidi
Kite m nan kay la avèk senk chovi
Depi dezè d laprèmidi je pwa kreve
Fifa gentan chache bwa pou dife sanble
Avèk espwa n ap ret tann
Ki lè manman n
Ap vini, sa l ap pote
Mèt se mayimoulen
Mèt son aleken
Kanmenm nou konnen
Ti ma p ap antre san yon pen
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men manman m tolo
Men manman m tololo
Men ti matant ap vini
Men manman m tolo
Tout kè m gentan louvri
Men manman m tololo
Men manman m tolo
L ap vini avèk yon souri
Tololo tolo
Yon souri ki bay lavi
Oh oh oh oh
Beng beng beng!
Mwen menm avèk yon frè m
Nou gen menm pwoblèm
Lè ti matant la kay la rich, nou pa blèm
Men li oblije al travay kanmenm
Pou pen kotidyen n
Beng beng beng!
Mwen menm ak ti Charles
Nou gen menm pwoblèm
Lè ti matant la kay la rich, nou pa blèm
Men li oblije al travay kanmenm
Sa son dilèm!
Oh oh oh oh
Mizik m dedye l pou tout ti matant ki nan chak kay
Fanm ki pa pè chay
Se yo k ban nou lavi
M renmen nou
Musique et paroles : Murat Jean Belony