TENZA
Tenza, sa se pou ou baby!
Granmoun se granmoun!
Ou konn piman pa bon nan bouch
Pa lapèn ou eseye l nan je m
M deja gason, kanson m nan ren m
Se nòmal mwen kenbe karaktè m
Kè sere, pye lou, tèt chaje
Mwen santi si m pa pale ma toufe
Chagren vle pran m mennen m ale
Lawont vle fè m debousole yeah
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa w ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe non non non non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe non non non non
Pouki se sa n ap mande mwen
M pa t janm panse se konsa sa t ap fini
Pou jan lanmou sa te byen kòmanse
Fanmi m, zanmi m pa t bouke di mwen mèsi
Menm klòch legliz te pare pou sonnen
Lanmou m te ka ba w la ke jodi a w refize
Pou m te fè tout sa w vle mwen di w mwen pa te ezite
Ba w lanmou san rete, se sa ki fè mwen vibre
Se sa ki fè m rele, fè m chante san rete
Mwen te tèlman kwè nan ou mwen gentan ba w yon bebe
Ou vyole konfyans mwen ou vire do w wale
Men!
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa w ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe non non non non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen yeh!
Ou konn piman pa bon nan bouch
Pa lapèn mete l nan je m
M deja gason, kanson mwen nan ren m
Se nòmal mwen kenbe karaktè m
Kè sere, pye lou, tèt chaje
Mwen santi si m pa pale ma toufe
Chagren vle pran m mennen mwen ale
Lawont vle fè m debousole yeah
Si m pa pale ma toufe
Si m pa pale ma toufe
Si m pa pale ma toufe non non non non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen yeh!
Si m pa pale ma toufe
Si m pa pale ma toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale ma toufe
Musique et paroles : Murat Jean Belony