LAKOU TRANKIL
Let it flow you
Si ou vle gran kon elefan
Mete w piti kankou on ti foumi
Si ou vle gouvène lakou sa a
Li gen règ li fò w obeyi l
Si tout bon ou vle sa chanje frè m
Se pou w montre « bonne volonte » w
Ou mande pou dwa w respekte
Tandiske w pa respekte pa m
Fò w konn dwa m kòmanse
Kot dwa pa w fini
E dwa pa w fini
Kot pa m kòmanse non non non
Bridge
Dread nati, dreadlocks
Nou vle chanjman an!
Nou pa vle gè, nou vle lapè
Oh non non!
Dread nati, dreadlocks
Nou vle pou sa chanje
Pou lakou a ka trankil
Trankil
Nou vle lakou a
Trankil
Fòk lakou a vinn trankil
Gad kijan lakou a kraze
Dwa timoun yo pa respekte
Moralite pa egziste ankò
Menm timoun yo pa anvi jwe
Anbisyon fè nou inyore
Prensip de baz yon sosyete
Trayizon fè nou neglije
Prensip granmoun mouri kite
Si tout moun pa ka deside ansanm
Fini diskòd nan lakou a
Se va yon devwa pou tout rastaman
Pou mete lòd, mete lòd, mete lòd yeh!
Bridge
Dread nati, dreadlocks
Nou vle chanjman
Nou pa vle gè, nou vle lapè
Nou vle lapè non non!
Dread nati, dreadlocks
Nou vle pou sa chanje
Pou lakou a ka trankil
Trankil
Nou vle lakou a
Trankil
Fòk lakou a vinn trankil
Nou vle lakou a trankil
Trankil
Dread nati, dreadlocks
Nou vle chanjman
Nou pa vle gè non
Nou vle lapè, nou vle lapè non
Dread nati, dreadlocks
Nou vle pou sa chanje yeh!
Trankil
Nou vle lakou a trankil
Fòk lakou a vinn trankil
Trankil
Site Solèy trankil
Moun Bèlè trankil
Trankil
Musique et paroles: Murat Jean Belony