JASMINE
Si m la pou m pale
Mwen la pou m eksplike
Mwen te konn sa k pase
Mwen pa t konn sa k t’ ka rive
M ap pale nou de Jasmine
Yon ti fanm ki te « mean »
Moony Rich se te yon patnè m ki te renmen Jasmine
Apre tout sa k pase l’ pa te ka kite Jasmine
Moony Rich moun fou
Sa te ka rivem tou
Fanm nòmal pa t gen lòt chwa se te bougi ak jin
Fanm krazy pou machin
Ka fè w al chache lalin
Men Moony Rich te vag kòm » Baptiste k ap balkonnen l «
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle »
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle » he
Moun ki pa t konnen l yo te konn di l s’on manman poul
Paske lè l ap mache dèyè do l te toujou gon foul
Sa ki te konnen l, yo te konn di l son fanm ki « cool »
Manman l di l li pa t lekòl li te toujou ap fè woul
Si w wè l pa pale a moun sèke l sou move jou l
Moony Rich renmen fanm sa
Men n ap blo l poukisa
Pa gen dwa blame l Konsa
Lanmou gen tout dwa, lanmou pa gen dwa,
Lè w gade Jasmine ou wè son fanm ki nòmal
Pale ak Jasmine se yon plezi total
Soti ak Jasmine, yon depans kapital
Renmen ak Jasmine son lyezon fatal
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle »
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle » he
Si m la pou m pale
Mwen la pou m eksplike
Mwen te konn sa k pase
Mwen pa t konn sa k t’ ka rive
M ap pale nou de Jasmine
Yon ti fanm ki te « mean »
Moony Rich se te yon patnè m ki te renmen Jasmine
Apre tout sa k pase l’ pa te ka kite Jasmine
Moony Rich moun fou
Sa te ka rivem tou
Rete move kote w ap tande l bay panik
Tout panik ke w tande se paske l gen bèl fizik
Oh yeh, li gen gen bèl fizik!
Non non non non non non non!
Fizik matematik paske w gen pou w konte pratik
Pou gen lanmou Jasmine fòk ou gen anpil taktik
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle »
Jasmine se yon ti fanm ki gen may
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle » he
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
Laa laa laa laa
Oh yeah, Oh non!
He! Spesyal dedikas pou tout jèn fanm kou Jasmine
BélO B k di sa!
Jasmine se yon ti fanm ki gen « mind »
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle »
Jasmine se yon ti fanm ki gen « mind »
Si ou vle on bagay fòk ou ba l yon bagay
Jasmine se yon ti fanm ki gen « style »
Si ou pa ba li yon bagay fòk ou ba l yon « freestyle » he
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
E e e aya la lalalalala la
Laa laa laa laa
Paroles : Murat Jean Belony , Moony Rich et Sanon Lamour