ISTWA DWOL
Istwa 5 jenn gason ki pran lanmè
K ale chache kibò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo bilje pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Yo fin ale
Ouuuh Ouuuh Ouuuh
Jou ap pase nèg yo toujou sou dlo
Dezespwa te anvayi yo
Pa gen manje, pa menm gen dlo
Kè sote te anpare yo
Gen youn ki di pase pou l ta tounen
Li ta pito lage kò l bay reken
Li jen, li nan peyi l, li gen de men
Chak jou solèy la leve l jwenn li p ap fè anyen
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Madanm k ap plenyen
Ouuuh Ouuuh Ouuuh
Timoun k ap plenyen
Nèg sa yo menm jan avè n
Yo te renmen Ayiti Thomas anpil
Yo te toujou nan lapènn
Lavi pou nèg sa yo pa t fasil
Yo te oblije ale
Lamizè, lavi chè pouse do y ale
He!
Peyizan ale
Ale!
Atizan ale
Ale!
Etidyan ale
Ale!
Krèm peyi a k fin ale!
Neg geto
Ale!
Neg anwo
Ale!
Machann dlo
Ale!
Ata ti zwazo ale!
Pwoletè ale
Ale!
Pwofesè ale
Ale!
Sitaden ale
Ale!
Mizisyen yo fin ale vre
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Yo fin ale
Ouuuh Ouuuh Ouuuh
Se istwa 5 jenn gason ki pran lanmè
K ale chache kibò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo bilje pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Yo fin ale
Ouuuh Ouuuh Ouuuh
Yo te bouke
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Yo oblije
Ouuuh Ouuh Ouuuh
Musique et paroles : Murat Jean Belony